Deskripsyon pòs la
Entwodiksyon
Inite Sante Entènasyonal Inivèsite Monreyal (USI), an konsòsyòm ak patnè li yo: Sant Etid ak Koperasyon Entènasyonal (CECI) ak Avoka San Fwontyè Kanada (ASFC), ap mete an aplikasyon pwojè “SANTE MWEN DWA MWEN / Mi Salud, Mis Derechos”, an sipò Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), nan depatman Nò ak Nòdès.
Finanse pa Afè Mondyal Kanada (AMC), pwojè sa a ap dire 7 an, de 2025 pou rive 2032.
Pwojè a vize ranfòse rezilyans, ekite ak sansiblite sèks nan sistèm sante yo ann Ayiti, Kolonbi ak Gwatemala, pou garanti aksè ekitab, sekirize ak adapte kiltirèlman a sèvis sante seksyèl ak repwodiktif (SSR), espesyalman pou fanm, adolesan ak moun ki nan sitiyasyon vilnerabilite.
An Ayiti, pwojè a ap sipòte ranfòsman sistèm sante nan Nò ak Nòdès atravè 3 aks:
- 1.Ranfòsman sèvis SDSR
- 2.Pwomosyon SSR
- 3.Pwomosyon dwa sante ak dwa seksyèl ak repwodiktif
Rezilta final pwojè a se:
“Yon pi bon aksè ekitab a sante ak dwa seksyèl ak repwodiktif pou fanm, adolesan ak timoun, espesyalman moun vilnerab yo.”
“Yon pi bon aksè ekitab a sante ak dwa seksyèl ak repwodiktif pou fanm, adolesan ak timoun, espesyalman moun vilnerab yo.”
Pou sipòte operasyon pwojè a, USI ap chèche rekrite yon Kontab-Administratè pou biwo li nan Okap Ayisyen.
Fonksyon
Fonksyon
Sou otorite siperyè li, Kontab-Administratè a ap responsab kontablite jeneral, swivi bidjè ak administrasyon pwojè a nan Kap Ayisyen, enkli aspè fiskal.
Wòl ak responsablite :
Wòl ak responsablite :
- 1.Jere kontablite jeneral ak administrasyon pwojè a
- 2.Patisipe nan plan aksyon anyèl ak bidjè
- 3.Asire swivi bidjè chak jou
- 4.Fè angajman acha selon règ AMC ak manyèl pwojè a
- 5.Fè peman depans yo selon règ yo
- 6. Asire konfòmite finansyè, kontab, fiskal ak administratif
- 7.Swiv kès (trésorerie)
- 8.Swiv DGI ak ONA (taks ak kontribisyon)
- 9. Aplike bon prensip kontab ak finans
- 10. Prepare rapò finansye regilye
- 11.Fè peman (chèks oswa transfè labank)
- 12.Verifye konformite dokiman kontab yo
- 13.Asire sistèm kontablite ak kontwòl entèn yo
- 14.Swiv likidasyon avans vwayaj yo
- 15.Mete ajou zouti kontab ak rekonsilyasyon bankè
- 16.Jere achiv dokiman finansye yo
- 17.Jere materyèl biwo, ekipman, machin ak gaz
- 18. Fè acha lè sa nesesè selon règ yo
- 19. Patisipe nan evalyasyon pèsonèl
- 20. Asire respè pwosedi administratif yo
- 21. Patisipe nan reyinyon ekip
- 22.Fè envantè regilye materyèl yo
- 23.Fè lòt travay ki gen rapò
Kalifikasyon obligatwa
- 1.Lisans nan kontablite nan yon enstitisyon rekonèt
- 2. 10 ane eksperyans nan kontablite
- 3.Kapasite travay anba presyon
- 4. Bon analiz ak rezolisyon pwoblèm
- 5. Konpetans enfòmatik (Excel, Word, lojisyèl kontab)
- 6. Bon relasyon entèpèsonèl
- 7.Bon travay an ekip
- 8. Bon kominikasyon
- 9.Sans òganizasyon, inisyativ, rigè, entegrite
- 10.Metriz franse ak kreyòl (oral ak ekri)
5. Kondisyon patikilye
- Apeprè 5 ane eksperyans nan pòs menm jan
- Konnesans pwosedi Afè Mondyal Kanada (AMC)
6. Dosye aplikasyon dwe genyen
- 1.CV
- 2. Lèt motivasyon
- 3. Kopi CIN oswa lisans chofè
- 4. Kopi diplòm lisans nan kontablite
Kontak
Imèl pou voye dosye yo:
smdmusi@gmail.com
Lòt nòt
smdmusi@gmail.com
Lòt nòt
- Fè CV + lèt motivasyon + dokiman yo sèlman
- Pa voye lòt papye ki pa mande
- Dat limit: 3 me 2026
- Fanm yo ankouraje anpil pou aplike
- Moun Nò/Nòdès ak Kap Ayisyen gen priyorite
- Dosye enkonplè pap konsidere
- Se sèlman kandida seleksyone pou entèvyou ki ap kontakte
Kijan pou aplike
Òf sa a fèmen (fèmen). Ou pa ka aplike ankò. Gade lòt òf yo.
Referans òf: JF-00035 · 99 vi
Siyale yon pwoblèm ak òf sa a