Nou konekte talan ayisyen ak bon opòtinite
JOBFASIL se yon platfòm travay an kreyòl. Nou ede kandida jwenn travay, fòmasyon, bous ak konkou, epi nou ede anplwayè jwenn bon moun rapidman.
MISYON NOU
Fè bon travay aksesib pou tout ayisyen
Nou bati yon espas kote konpetans rankontre opòtinite, san baryè lang ni distans, an Ayiti kou nan dyaspora a.
VIZYON NOU
Chak talan jwenn plas li
Yon Ayiti kote chak moun jwenn travay ki mache ak talan li, epi kote antrepriz yo jwenn kandida yo bezwen san pèdi tan.
Valè nou
Transparans
Ou toujou konnen kijan done ou yo itilize. CV ou vizib sèlman pou anplwayè yo ak ekip la.
Inovasyon
Nou itilize analiz CV ak IA pou montre chak kandida òf ki pi koresponn ak li.
Aksè pou tout moun
Platfòm nan an kreyòl, gratis pou kandida, epi fèt pou mache byen sou telefòn.
Ekip la
Moun ki dèyè JOBFASIL.
-
Jameson Innocent
CEO · Devlopè wèb
Laravel Tailwind Livewire -
Kerdjna Nestant
Responsab rezo sosyal
Instagram Facebook YouTube -
Roselaure Jean Louis
Responsab maketing
SEO Analytics Branding
Ou gen yon kesyon?
Ekip la reponn an kreyòl, an franse oswa an anglè.