Ale nan kontni an
Platfòm travay an kreyòl pou Ayiti ak dyaspora a
Bous Fèmen

Pwogram sibvansyon pou etid lokal – 2026

@FOKAL · Ayiti

Deskripsyon

Ouvèti pwogram sibvansyon pou etid lokal – 2026
Ou ap kontinye oswa ou swete kòmanse etid ou an Ayiti, epi ou bezwen yon sipò finansye pou vanse nan chemen ou ?
Fondasyon Konesans ak Libète – @FOKAL lanse pwogram sibvansyon pou etid lokal li a pou ane 2026.
Pwogram sa a vize etidyan ak pwofesyonèl ki angaje nan yon demach fòmasyon, ak objektif pou :
  • fasilite aksè ak resous finansye yo
  • soutni pwojè etid ki gen valè ak enpak
📅 Peryòd depo dosye : soti 16 mas rive 14 avril 2026 a 4:00 PM
💻 Soumèt dosye yo : sèlman an liy, atravè fòmilè ki disponib sou sit nou an
👉 Konsilte kritè elijiblite yo epi depoze kandidati w isit la :
https://fokal.org/index.php/sub-education-03-2025
118 moun wè opòtinite sa a